"Yon Sware. Yon Vibe. Souvni pou tout lavi."
Elegance & energie
Pare pou viv yon eksperyans ki depase imajinasyon ou! Gala Night 2025 ap mete limyè sou elegans, enèji, ak eksitasyon nan yon sware kote ou se vedèt la. Se pa yon ti fèt — se yon eksperyans ki pral make ou pou tout lavi. Vandredi 15 Out, nap fè Kiskeya Parc Church tounen yon sèn majik ak mizik cho, limyè briyan, ak bèl moun ki vin viv pi bon vèsyon tèt yo. Sa k ap tann ou: Tapi wouj & foto pwofesyonèl Mizik, dans, ak animasyon vivan Mòd, klas, ak bèltenn san limit VIP Eksperyans pou moun ki vle plis (antre espesyal, bwason gratis, zòn rezève, ti kado) Pa rate sware ki pral mete flanm nan chak kè! Achte tikè ou kounye a epi prepare w pou viv yon sware, yon vibe, ak souvni pou tout lavi.

SOCIETE DES ENTREPRENEURS INVESTISSE

Sou Nou – SIE SIE se yon konpayi ki espesyalize nan òganizasyon bèl gala lannwit ki chaje ak élégans, kreyativite, ak bon jan òganizasyon. Kit se pou yon fèt biznis, yon evènman prive, oswa yon gala tematik, nou mete tout efò nou pou fè rèv ou tounen reyalite. Ekip nou an pran swen chak detay — soti nan dekorasyon ak limyè, rive nan animasyon ak planifikasyon. Avèk eksperyans ak pasyon, SIE fè chak lannwit vin inoubliyab. Lè solèy la kouche, SIE klere! Fè nou konfyans pou pwochen gala ou — nap fè li vin pale nan bouch tout moun!

Sa nou ofri

Avantaj Nou Ofri Ou – Poukisa Chwazi SIE? 1. Eksperyans Inik: Chak gala nou òganize gen yon manyen espesyal. Nou kreye evènman ki pa janm bliye! 2. Dekorasyon Elegant: Nou bay chak detay enpòtans — soti nan limyè, flè, tab, rive nan anbyans an jeneral. Nou bay klas! 3. Planifikasyon San Estres: Ou mete tout sou do nou. Nou okipe tout bagay pou ou ka rilaks epi jwi evènman ou san tèt chaje. 4. Ekip Pwofesyonèl: Ekip nou an gen eksperyans, pasyon, epi toujou ap souri. Nou la pou sèvi w ak respè ak kalite. 5. Pake Pri Ki Adaptab: Nou gen diferan pake pou chak bidjè. Bèl bagay pa oblije chè! 6. Animasyon Ki Mete Anbyans: Nou konekte ak DJ, mizisyen, ak animatè ki ka mete lavi nan nenpòt gala! 7. Konfyans & Satisfaksyon: Kliyan nou yo toujou satisfè. Nou travay pou ou toujou ret ak SIE!
SIE – Eksperyans Ou Merite a Lè ou chwazi SIE, ou pa sèlman ap òganize yon evènman — w ap fè pati yon eksperyans ekstraòdinè. Nou pran swen chak detay pou ou santi ou espesyal depi premye kontak la jouk dènye moman gala a. Avèk pake fleksib, dekorasyon elegant, epi yon ekip ki mete kè l nan sa l ap fè, nou fè tout sa posib pou chak gala vin tounen yon bèl souvni. Pa gen tèt chaje, pa gen move supriz — se jis kalite, bon gou, ak klas. SIE, se pa sèlman yon sèvis, se yon eksperyans ou pap janm bliye.

SIE AFFILIATE

. Fè Lajan Avèk SIE – Opòtinite Afilye! Nou pa sèlman òganize bèl gala — nou ede w fè lajan ak nou! Avèk pwogram afilye SIE, ou ka pataje sèvis nou yo, fè lòt moun konnen nou, epi resevwa komisyon sou chak kliyan ou pote. . Kreye Revni Pou Lavi Ou Si ou konsistan, ou ka fè plis pase komisyon — ou ka devlope yon sous revni solid. Plizyè afilye deja ap viv grasa sa yo touche ak SIE. Nou ban nou tout zouti pou reyisi: sipò, materyèl promo, ak fòmasyon. . Fè Pati Fanmi SIE Kòm afilye, ou pa sèlman fè lajan — ou fè pati fanmi SIE. Nou grandi ansanm, nou selebre ansanm, epi nou mete w an valè
Fè Lajan ak SIE – Vin Pati Fanmi Nou! Nan SIE, nou pa sèlman òganize gala ekstraòdinè — nou kreye opòtinite pou ou touche lajan epi bati yon lavni. Avèk pwogram afilye nou an, ou ka rekòmande sèvis nou yo bay lòt moun epi touche komisyon sou chak kliyan ou pote. Ou gen anpil kontak? Ou renmen pale de bon bagay? SIE pèmèt ou sèvi ak enfliyans ou pou jenere revni, epi si ou konsistan, sa ka menm vin yon sous revni pou lavi w. Nou ba w tout sa ou bezwen pou reyisi: fòmasyon, sipò, ak materyèl promo. Nou kwè nan fòs kominote a — lè ou grandi, nou grandi tou. Antre nan fanmi SIE jodi a, epi kòmanse touche pou chak moun ou rekomandé

Ce que disent nos fans

Sofia D
Se te yon nwit majik! Anbyans lan te cho, mizik la te bon, epi tout moun te byen abiye. M'ap tann pwochen an!" — Sofia D.
Karim L.
Mwen pa janm patisipe nan yon evènman ki byen òganize konsa. Bravo pou tout ekip la!"
Melanie F.
Dekorasyon an te bèl anpil, tout bagay te byen prepare. Mwen te santi’m tankou nan yon bal espesyal."
Julien M
"Mizik la te cho, DJ a te mete bon vibe, epi animasyon an te kenbe nou leve pye tout lannuit!"
Fatou B.
Se te premye fwa m ale nan gala sa, epi se pa dènye fwa. M’ap vini chak fwa nou fè li!" —

Livraison et retours

SIE Gala night tickets
Kijan w ap resevwa tikè PDF ou a Mèsi paske ou achte tikè ou pou Gala Night SIE a! Men kijan ou pral resevwa tikè ou: 1. Tikè a ap voye pa Imèl Apre peman ou konfime, w ap resevwa tikè ou an PDF pa imèl sou adrès ou te bay pandan ou t ap achte a. Tikè a ap rive nan 5 a 10 minit. Si ou pa wè li, tanpri tcheke nan dosye Spam oswa Promo imèl ou. 2. Sa ki ladan tikè PDF la Yon kòd QR pèsonèl ki pral eskane nan antre evènman an. Non ou ak kalite tikè ou achte a. Enfòmasyon sou evènman an: vendredi 15 aout 2025 3. Kijan pou itilize tikè a Ou ka swa: Enprime tikè a epi pote li avè w, oswa Montre PDF la sou telefòn ou lè ou rive nan antre a. 4. Ou pa resevwa tikè a? Si ou pa jwenn tikè a apre 30 minit: Tcheke dosye Spam ou oswa Junk mail. Kontakte ekip sipò nou an sou [Performance7455@gmail.com] epi bay non ou ak nimewo lòd ou.

Rele oubyen ekri nou

Kontakte nou si ou gen nenpòt kesyon oswa enkyetid Nou la pou ede w! Si ou gen nenpòt kesyon sou tikè ou, sou evènman an, oswa si ou ta renmen plis enfòmasyon, pa ezite kontakte nou. Ekip nou an disponib pou ba ou asistans rapid ak efikas. Ou ka kontakte nou: Pa WhatsApp oswa telefòn: 4426 6746 Pa imèl: Performance7455@gmail.com Orè sèvis kliyan: Lendi rive Samdi, 9am – 6pm Nou ap reponn ou pi vit posib pou n asire w jwenn tout sa ou bezwen pou w pase yon bèl eksperyans ak
Notre adresse
Pou kounya nou travay avek ekip nou an en liy men nap avèti tout moun lè nou genyen yon buro fizik
Obtenir des orientations
Heures d'ouverture
Tous les jours de 9h:00 a 6:00 pm